Se youn nan premye koz pèt dantè li gen konsekans estetik ak fonksyonèl sou bouch nou men tou maladi pawodontal la kapab gen repèkisyon grav sou eta sante general nou, li pwovoke maladi alzaymè(Alzheimer) , maladi kè , maladi respiratwa (Asthme) , ak kelke tip kansè…
Nan pami faktè de risk ki ka enfliyanse yon moun devlope maladi sila nou jwenn :
.Dyabèt
.Estrès
.Tabak
.Karans vitamin C
.Obezite ak laj avanse
Li se pwonlonjman yon jenjivit ki pa trete avek yon akimilasyon plak dantè ki pral mineralize an tat dantè(Tatre dentaire )ki pral lokalize ekzakteman anba jansiv la ki konpoze pa (plizyè tip bakteri , kras manje, ak saliv etc…)
se konsa jansiv la pral kòmanse pèdi aderans li sou dan yo.
Nou pral kòmanse pèdi nan zo alveyolè yo, pòch pawodontal yo pral komanse fòme e rann dan nan bouch nou souke, nou ka obsève tou dan yo ap kite plas yo, gen sak kap vinn pi long ke lòt jiskaske yo tonbe definitivman.