Par Graziela Debora Jacques , médecin – dentiste, chroniqueuse santé pour ALTERNANCE MÉDIA

Keseswa nan lang ,nan fwen bikal yo oswanan po bouch la etc… se divès kote kounya ou ka pote yn pèsin.
Yon pratik ki fèt souvan sou baz tandans lakay anpil moun san krent, pa vle di li san danje byen okontrè yon pèsin ka koze plizyè dega nan bouch lan ke ni nou menm ni moun kap pèse a souvan inyore lè konsa sa vinn koze anpil konsekans san detou nan kavite bikal la .
Bouch la antanke yon milye imid ki chaje ak plizyè tip bakteri se yon espas ideyal pou enfeksyon .Yon kò etranje nan bouch lan pa gen okenn bagay li ka kreye ke dega .
.Yon pèsin ka lakòz bouch la degaje movèz odè lè pèsinn sila pa netwaye regilyèman kras manje rete nan tij bijou a , sa koz bouch la bay move sant e menm arive kondi a yon enfeksyon

.Yon moun ki pa profesyonel nan pèsin kapab blese nè ki nan lang lan sa ki ka koz ou pèdi kapasite pou pran gou e gen difikilte lapawòl.
.Yon pèsin ka koz ‘’ resesyon jansiv’’ lè pèsin nan ap plede frote sou jansiv la sitou pèsin nan lang yo, li koz ke jansiv la retrakte e ekspoze tout rasin dan an ,yon pwoblem ki pa estetik e ki bay anpil sansibilite .
Plis pèsin nan rete fè pil tan nan bouch la san kontwòl se otan lap koze dega .
Si aprè tout konsèy sa yo ou deside fè yon pèsin nan bouch ,ou dwe asirew ke :
1)Pèsin sa mete pa yon pwofesyonèl nan domèn nan .
2)Ou netwayel regilyèman .
3)Ou toujou konsilte dantis ou regilyèman pou ou ka detekte pwoblèm yo pi bonè ke posib .
Graziela Debora JACQUES, médecin -dentiste, chroniqueuse Santé pour le site ALTERNANCE MÉDIA; est diplômée de l’université de la fondation Docteur ARISTIDE, reconnue pour son excellence académique et sa formation rigoureuse dans le domaine dentaire. En plus de sa pratique, Dr Jacques s’engage également dans des activités de sensibilisation à la santé bucco-dentaire. Elle participe régulièrement à des campagnes de prévention et des ateliers éducatifs pour informer le public sur l’importance des soins dentaires et encourager de bonnes habitudes d’hygiène buccale.
