Dantisyon yon granmoun gen ladanl 32 dan nòmalman, li pa evidan pouw vyeyi e menm mouri ak tout nan bouch ou, genyen ladan yo ou ka pèdi a koz yn maladi dantè, yon aksidan,etc… se Sak fè yo mete plizyè opsyon de ranplasaj pou nou ka fè fas ak pwoblèm sa yo lè yo prezante devan nou.
Pami 32 Dan sa yo poukisa se lè nou pèdi dan devan nou plis gen tandans chèche solisyon .Eske lòt dan yo pa gen menm enpòtans lan tou?
Yon moun pi fasil chwazi ranplase yon dan devan ke yon dan dèyè sou baz estetik.
Manke yon dan devan etan ke granmoun se pa yon bagay ki bèl sa rann nou jennen lè nap pale lè nap souri se sak fè nou chèche yon solisyon pou ka sa yo byen rapid.
Men Poukisa menm sousi sa nou genyen pou dan devan yo nou pata ka genyenl pou Sak dèyè yo tou .
Dan an jeneral leve bote e rasin yo sèvi kòm pliye pou kenbe amoni visaj nou . Se youn nan bagay depiw pèdil li defòme visaj ou rapid rapid se pa pou san rezon nan peyi nou depi yon granmoun pèdi tout dan nan bouch li nou rele li “Bouch flòbòp » se paske lè nou pedi plizyè dan nou pa janm fè posesis pou ranplasman a yon moman zo machwè a ap pedi volim sa ki pral rann nou paret vyeyi menm si nou jèn.
Apa de pwoblèm estetik ke pèdi yon dan bay
Tankou Jan nou konn tande ekspresyon an di « La nature a horreur du vide « se menm jan li aplike lè gen yon dan ki absan nan anviwònmanl se dezekilib bouch lan nèt ki pèdi, tout dan nan bouch gen plas ekzat yo youn sipòte lòt men lè youn pa la kit li te devan oubyen dèyè lòt rès dan yo gen tandans panche nan espas ki vid la pou konblel.
Si se yon dan anba ki absan dan anlè a ap gen tandans migre kite plas li pou al konblel espas anba paske li pa jwenn sipò ke li ta supoze jwenn lan .
Sa vinn bay tou difikilte pou moulen manje byen e byen atikile kèk mo.
Nan divès Opsyon ki ekziste pou ranplase yon dan pèdi nou jwenn :
KOUWÒN DANTÈ, ki pa spesifikman pou ranplase dan ki manke men yo itilize li lè gen youn ou plizyè dan abime men ki toujou prezan ak rasin dan sa an bòn sante li posib pou rekonstitiye dan sila ak sa yo rele yon kouwònn dantè ke Doktè a pral sèvi ak rès dan paw ki rete ki pat abime a kòm sipò pou kouwòn lan ka byen fikse

« BRIDGE » sa ke yo rele PON an se yon pwotèz fikse li sèvi pou ranplase youn ou plizyè dan manke pami lòt dan, opsyon sila nesesite pou retaye dan ki pral kenbe pon an e pran api sou yo yon fason pou bouche espas vid la e asire yon stabilite nan bouch moun nan .

PWOTÈZ TOTAL, DANTYE, ki se yon Pwotèz demontab ke nou ka mete e retire pou fasilite antretyen li chak jou ou pou nou jis dòmi
li la poul ranplase tout dan nou pèdi kit anlè ou anba

ENPLAN DANTÈ , li se youn nan opsyon ranplasaj ki pi koute men ki bay trè bon rezilta
Li aji kòm yon rasin atifisyèl ki antre nan zo machwè a ki pral sèvi de sipò a yon pwotèz ki ka yon KOUWÒN oswa yon PON

Li toujou bon lè nou pèdi yon dan pou nou ranplase li pou nou pa koze plis dega, pou sa nap bezwen al wè dantis nou li la poul explike nou ki diferan opsyon ki genyen e ede nou chwazi sa kap adapte ak bezwen nou e ak bidjè nou.