Catégorie : Santé

Ou remake jansiv ou ap senyen pa vre? Ou remake jansiv ou ap senyen chak fwa wap bwose ou di mwens chak lè yon bagay pase nan bouch ou. Ebyen ti siy sa yo pa lòt ke sa yo rele “JENJIVIT”, li se yon maladi kouran ke nou jwenn lakay majorite moun, li karakterize pa yon enflamasyon jansiv.

Yon jenjivit ka deklannche pa plizyè faktè pami tout se plak bakteryèn nan ki pi repete.Plak bakteryèn nan se yon pelikil ki konpoze prensipalman pa bakteri , saliv, kras manje…

« Manje dan nan dòmi (Bruxisme) » Manje dan sa yo rele Bruxisme nan langaj medikal la, se yon twoub ki manifeste pa yon seraj anòmal envolontè dan yo.Nou diferansye BRIKSISM STATIK ki se le Ou sere dan yo an plas pandan yon tan kontini e BRIKSISM DINAMIK ki se lèw sere byen fò Dan anlè yo kont dan anba yo pandan yap fè mouvman e pandan lap fè yon bri deranjan .BRIKSISM manifeste jeneralman nan somèy nou men pafwa li fèt tou pandan lajounen.Nou jwenn li plis lakay jèn moun yo ak lakay timoun yo.

Pa bò lakay nou an AYITI nou rekonèt vè(parazit) kòm sèl koz manje dan nan domi men an reyalite gen divès koz ki ka fè yon moun manje dan nan…