« Ki sa ki kase lezo nan bouch la »?
Kase lezo nan bouch, se yn sijè sansib lakay chak fanm kap pot yon bebe.
MIT OU REYALITE?
Par Graziela Debora Jacques, médecin -dentiste
Souvan anpil fi ki finn fè pitit toujou di se paske yo te kase lezo nan bouch ki fè depi aprè akouchman yo tout dan nan bouch yo pran souke e menm arive tonbe e se yon pawòl ki repete de jenerasyon an jenerasyon ki fè moun paka konprann Sak vrèmanrele kale lezo a .

Kisa poun konnen avantou kase lezo jan nou relel an AYITI a pa gen anyn pou wè ak bouch paske touttravay yo se pa anba yo fèt .
Lè ou ansent gen anpil chanjman kap fèt nan kòw poun pran chanjman òmono yo pi presizeman, gen plizyè òmonn ki modifye e genyen sa ki vinn plis ogmante etc… nan tout òmonn sa yo gen òmonn yo rele « relaxine »lan li menm li la poul relache tout ligaman nan kò a pou lache kò a e fasilite ou pouse pitit la pi byen se wòl prensipal li sa e nan tout ligaman sa yo li atake ligaman dantè yo tou tankou tout tisi ki kenbe dan an plas pou li pa souke nan bouch ou se sak fè pi souvan fi ki ansent lan ka remake li gen ti mobilite nan bouch li ki pa twò pwoblèm paske yon fwa ke ou finn akouche tout bagay ap antre nan lòd .
Kounya se konpòtman nou te genyen avan e pandan gwosès sa ki pral enfliyanse sou ti mobilite sila ; gen fi ki ansent ki vinn neglijan vinn mete sou li si moun nan toujou ap vomi pandan gwosès la tout sa yo se faktè ki ka fè dan ou souke e a la long si sa pa pran an chaj ou ka efektivman arive pèdi dan sa.
Nou ka ap mande tèt nou poukisa m vinn ak sijèvomi sa avantou kisa ki koz yn fi ansent souvan ap vomi?
Ebyen, se jan Bebe a pozisyone nan vant lan poul jwenn espas li, li monte epi li ogmante volim « utérus » la ki pral apiye sou estoma donk se sakfè pi souvan fi ki ansent yo toujou ap vomi e kontnivomi sa vrèman nosif pou bouch la a koz de « PH »li ki trop asid pou dan yo lè ou finn vomi konsa ou pa netwaye bouch ou pouw brose lap detwi dan yo tipatipa .
Pou nou retounen nan zafè kase lezo nn bouch la , lè ou pral akouche se pa lèzo ou kase nn bouch men se pito vomi ou vomi lè travay la pral komanse ou genyen kontraksyon timoun nan bezwen soti li fè yon presyon sou aparèy dijestif yo ki te deja vinn pi anlè ke jan yo konn ye nòmalman fi a vinn gen tandans gen « reflux » e sa pral gen repèkisyon sou dan yo si ou pa bwose aprè.
Ou finn li atik sila ou pap repete pawòl sa anko e wap konprann reyaksyon kò ou pi byen e konnen kijan pouw konpòtew a travè chak chanjman kap fèt nan kòw.
Graziela Debora Jacques est médecin -dentiste, diplômée de l’université de la fondation du Docteur Jean Bertrand Aristide, reconnue pour son excellence académique et sa formation rigoureuse dans le domaine dentaire. En plus de sa pratique, docteur Jacques s’engage également dans des activités de sensibilisation à la santé bucco-dentaire. Elle participe régulièrement à des campagnes de prévention et des ateliers éducatifs pour informer la population sur l’importance des soins dentaires et encourager de bonnes habitudes d’hygiène dentaire.
