La Chronique de Graziela Debora Jacques, médecin- dentiste et journaliste Santé ALTERNANCE MÉDIA

Docteure Graziela Debora Jacques

Yon pat dantifris, se yon pwodwi ijyèn ki fèt pou asire netwayaj dantè e yon bon sante jansiv .Li prezante swa sou fòm :Pat ,Gèl oswa poud ,tout dantifris konpoze de:yon prensip aktif ki la pou elimine plak dantè,yon ajan imektan pou ka konsève kantite dlo nn pwodwi a, yon ajan mousan,awòm ak koloran.

Pami tout dantifris ki sou mache a, li souvan difisil pou nou fè yon chwa pou nou jwenn sa ki adapte avek nou vrèman .

Nan tout varyete pwodwi sa yo a nou jwenn 

.Dantifris  pou prevansyon kari 

.Dantifris   pou blanchiman

.Dantifris  pou sansibilite

.Dantifris kont plak dantè

.Dantifris  antibakteryèn

.Dantifris  pou jansiv 

.Dantifris pou bòn alèn 

.Dantifris  natirèl 

Chwa yon bon dantifris depann premyèman de laj ak ki tip de dantifris nou bezwen vizavi de rezilta nap chèche, li baze tou sou konesans bon ak move ingredyan ki genyen ladan yo .

Laj se yon faktè enpòtan pou chwa yon bon dantifris paske tout  pa adapte ak tout moun poukisa?

Pami tout ingredyan ki genyen nn yon dantifris gen yon ingredyan primòdyal e enpòtan ke yo rele :Fliyò( Fluor)

Fliyò, se yon oligo eleman ki ranfòse emay dan,favorize remineralization,limite demineralizasyon,proteje dan yo kont kari,kont atak asid,kont sansibilite, li genyen tou yon aksyon antiseptik .Nou jwenn li nan te nap bwè, nan dlo keseswa dlo sous oubyen dlo trete,nou jwenn li nan manje tankou :Fwi lanmè yo, yo ajoute li nan prodwi dantè yo yon fason pou nou ka pran chak jou kantite ki rekòmande a .Daprè OMS(organisation mondiale de la santé)yondantifris ki fliyore se yon medikaman esansyèl .

Tout moun bezwen fliyò men tout moun pa bezwenl ak menm kantit, se sak fè yon pat dantifris ka bon pou yon granmoun men li pa rekomande pou yon timoun.

Daprè UFSBD(Union française de la santé bucco dentaire) 

Kantite Fliyò rekòmande pou yon granmoun se  anviwon 1450 ppm(Partie par millions)

.Li preferab si yon timoun poko ka krache kim pat la pou kont li pou pa itilize dantifris ki gen Fliyò pou li pa valel 

.A pati de 2 zan depi Timoun nan ka krache pou kòl kantite fliyò ki rekòmande pou li se 250 ppm

.A pati de 3 zan :500 ppm fliyò

.A pati de 6 zan : 1000 ppm fliyò

Se a pati de 12 zan yon timoun ka komanse sèvi ak pat granmoun .

Tout prezizyon sa yo se pou evite timoun yo genyen sa yo rele yon (fluorose) ki se yon eksè an Fliyò ou ka pran nan enjesyon pat pandan wap brose .

Pa gen pwodwi ki san danje, sitou nan pwodwi chimik yo. Men nou ka minimize risk yo lè nou konnen a kisa nou annafè . Chak pwodui gen originalitel a travè engredyan ki itilize ladanl, se la nap jwenn gen avantaj e enkonvenyan yo.Toujou nan sousi pou nou fè chwa de  dantifris kap bon pou nou, li enpòtan poun konnen kèk bon ak move engredyan nou ka jwenn landan yo .

Kèk nan lis engredyan nou dwe evite nan yon dantifris

.Dioxyde de titane 

.Sulfate (sodium lauryl)

.Sulfate de zinc

.Triclosan

.Aspartame

.BHA

.Parabènes

.Propylène glycol

.Silice hydraté 

.colorants artificiels

.parfum ou arôme artificiels 

.Alcool

.Acide citrique

.Polyéthylène glycol

.Diethanolamine

.Microbilles etc…

Kèk nan lis engredyan nou dwe chèche nan yon dantifris 

.Fluor 

.Bicarbonate de soude

.Zinc

.Silice

.Acide hyaluronique

.Probiotiques

.Vitamine E

.Glycerine etc…

.l’huile essentielle (ki pafwa konn koze alèji lakay fi ki ansent oubyen moun kap suiv tretman kont kansè)

N.B:Li enpòtan pou nou note tolerans yon engredyan varye de yon endividi a yon lòt .

Lè nap chwazi yon dantifris, li enpòtan pou nou li atantivman anbalaj la e chwazi youn ki 

adapte avèk nou selon bezwen pèsonèl ou .

Si nou genyen preyokipasyon spesifik ou kèk kondisyon medikal .Pa ezite konsilte yon dantis pou nou ka jwenn konsèy ki adapte

.

 

By Graziela Debora JACQUES

Graziela Debora JACQUES, médecin -dentiste et journaliste santé d' ALTERNANCE MÉDIA, est diplômé de l' université de la fondation Jean Bertrand ARISTIDE, reconnue pour son excellence académique et sa formation dans le domaine de la santé. En plus de sa pratique, elle s'engage également dans des activités de sensibilisation à la santé bucco-dentaire. Elle participe régulièrement à des campagnes de prévention et des ateliers éducatifs pour informer le public sur l'importance des soins dentaires et encourager de bonnes habitudes d'hygiène buccale