Par Graziela Debora Jacques, médecin – dentiste et journaliste santé pour la rédaction ALTERNANCE MÉDIA

KAFE ak TE se youn nan bwason ki plis konsome nan mond lan, si yo  gen avantaj yo , konsa tou yo gen enkonvenyan yo.

Byen souvan , nou konn remake kèk tach nwa sou dan nou ;nou pa konn kote yo sòti e malgre brosaj eksesif nou pa wè ki fason pou nou retire yo .

Ebyen Kafe, Te ak diven rouj se kèk nan pami plizyè rezon  ki responsab tach sou dan nou ,yo genyen ladan yo yon konpoze yo rele “ »Tanin » ki bay bwason sa yo koulè fonse ke yo genyen an, byen ke “Tanin” an gen avantaj li nan sante dèske li aji kòm yon antioksidan e li kontribye pou desann tansyon e ede fè prevansyon kont kansè .Yo rekonèt li tou pou kapasite li genyen pou li rete kole sou sifas dan an, ki koz aparisyon tach e rann tach sa yo pi difisil pou yo sòti ak yon senp brosaj .

Anplis de “ »tanin » an, kafe se yon bwason tou ki trè “asid” konpare ak saliv nan bouch nou, ki “net“. Konsomasyon kafe a ogmante asidite nan bouch nou ki rann emay dan an frajil ki favorize e ogmante risk kolorasyon an .

Diven Rouj favorize tach tou

Konsomasyon diven rouj la, li menm tou favorize tach sou dan yo paske li gen ladann  yon konpoze koloran ki rele  “ »kromojèn « ak asid la ki pral rann emay dan yo pi degrade e fasilite aderans patikil kolore yo. 

Koman nou ka evite tach sa yo sou dan nou ?

Toudabò, li rekòmande pou tout moun gen yon bon ijyèn bikal .

1)Brose dan nou o mwen 2 fwa pa jou, itilize fil dantè chak jou, itilize yon ben de bouch san alkòl sa ap ede nou elimine tach yo.

2)Rense bouch nou : Aprè nou finn bwè bwason sa yo ki site anlè a, li enpotan pou nou rense bouch nou ak dlo pou nou redwi asidite a e elimine kek konpozan koloran .

3)Itilize yon pay : Lè nap bwe bwason yo li preferab poun itilize yon pay pou nou ka minimize kontak bwason an ak dan nou .

4)Limite sik nan bwason sila yo: Redwi kantite sik ke nou ap ajoute nan bwason yo pou nou ka preveni kari ak tach .

5)Konsilte dantis ou: Se youn nan prevansyon ideyal ki ka ede nou fè fas ak tout tach e evalye sante dantè global nou .

Graziela Debora JACQUES, médecin -dentiste, chroniqueuse Santé pour le site ALTERNANCE MÉDIA; est diplômée de l’université de la fondation Docteur ARISTIDE, reconnue pour son excellence académique et sa formation rigoureuse dans le domaine dentaire. En plus de sa pratique, Dr Jacques s’engage également dans des activités de sensibilisation à la santé bucco-dentaire. Elle participe régulièrement à des campagnes de prévention et des ateliers éducatifs pour informer le public sur l’importance des soins dentaires et encourager de bonnes habitudes d’hygiène buccale.