Pa bò lakay nou an AYITI nou rekonèt vè(parazit) kòm sèl koz manje dan nan domi men an reyalite gen divès koz ki ka fè yon moun manje dan nan domi tankou estrès ,anksyete, mank somèy, konsomasyon dwòg, fimen ,ak efè segondè kek medikaman antidepresè etc…

Li difisil pouw konnen siw manje dan si se pa yon moun ki dòmi bò kote ou ki few remak la osinon siw poko remake e santi siy ak sentom ke li pwovoke yo tankou
.Gwo mal tèt
.Doulè nan machwè, nan kou ak nan vizaj
.Doulè nan zòrèy
.Krakman ou bri nan atikilasyon lè nap ouvè ou fèmen bouch nou .
.Sansibilite dantè
.Dan kase
.Dan andomaje

Pami tout siy sa yo nou jwenn » attrition dentaire »
Ki se yon siy ki direkteman lye ak ak dan, li karakterize pa yon Izi pwogresif sifas oklizal dan yo ki pwovoke pa fòs mekanik ki egzèse lè briksism lan .


Izi dantè sa pwovoke yon pèt emay nan fas oklizal dan yo ki se sifas kote nou moulen manje yo, sa ki pral rann dantin dan yo vinn ekspoze e lakoz pwoblèm estetik ak gro sansibilite ak tanperati ki cho e frèt
Pou pwoblèm estetik la kòm nou pèdi sifas oklizal la pou nou wè ak (kispid,krèt e siyon dan yo ) sa pral fè dan sila yo paret pi kout e pètibe oklizyon nòmal la .

Pa gen tretman ekzat ki ekziste pou kanpe briksism lan men gen plizyè mwayen pou soulajel .
Dantis la pral baze li sou gravite avek koz briksism lan an fonksyon de obsèvasyonl li gen pou devwa propoze yon plan trètman adapte ki pral pèmèt rediksyon briksism lan e yon pwoteksyon pou dan yo .

By Graziela Debora JACQUES

Graziela Debora JACQUES, médecin -dentiste et journaliste santé d' ALTERNANCE MÉDIA, est diplômé de l' université de la fondation Jean Bertrand ARISTIDE, reconnue pour son excellence académique et sa formation dans le domaine de la santé. En plus de sa pratique, elle s'engage également dans des activités de sensibilisation à la santé bucco-dentaire. Elle participe régulièrement à des campagnes de prévention et des ateliers éducatifs pour informer le public sur l'importance des soins dentaires et encourager de bonnes habitudes d'hygiène buccale