Par Graziela Debora JACQUES : médecin – dentiste, Chroniqueuse santé pour ALTERNANCE MÉDIA

KI SA KI YON DAN ?

                     

Yon dan ,se yon ògan di ki enplante nan zo machwè nou anlè kòm anba ki fòme amoni vizaj nou e ki releve bote nou .

Yon imen granmoun gen 32 dan nan bouch li nòmalman,ki mete ansanm pou ranpli tout fonksyon esansyèl ke yo gen pou ranpli e yo chak gen yon fòm diferan pou reyalize travay yo .

.Nou gen Ensiziv ki se dan devan yo ki sèvi de sizo yo la pou koupe manje yo 

.Nou pran Kanin ki se dan pwenti yo ki la pou dechire manje yo .

.Pou’n fini nou gen Premolè ak Molè ki se dan dèyè yo ki la pou kraze e bwaye manje yo .

Tout dan nan bouch nou enpòtan pa gen youn ki prime sou lòt (Dan devan paka prime sou Dan dèyè ) paske tout esansyèl se sak fè pou nou ale pi lwen 

Nou jwenn ansanm de dan sa yo patisipe nan divès fonksyon lòm chak jou sou latè tankou …

Pale byen ,wi dan pèmet ou pwononse e atikile pi byen mo yo lè wap pale .Li jwe yon gran wòl nan Dijesyon paske li pèmèt ou mastike manje yo pi byen sa ki pral favorize yon meyè dijesyon,li jwe wòl Estetikli pèmèt ou souri san krent sitou si yo an bòn sante .

Nou dwe bay enpòtans a chak dan ki nan bouch nou, gen divès maladi ki ka kòz ou gen problèm e arive pèdiyon dan ,nou pa tann se lè sa pou’n ap kouri konsilte dantis nou paske pi bonè se granm maten. Li enpotan pou toujou vinn konsilte dantis regilyèman chak 6 mwa .

Graziela Debora JACQUES, médecin -dentiste, chroniqueuse Santé pour le site ALTERNANCE MÉDIA; est diplômée de l’université de la fondation Docteur ARISTIDE, reconnue pour son excellence académique et sa formation rigoureuse dans le domaine dentaire. En plus de sa pratique, Dr Jacques s’engage également dans des activités de sensibilisation à la santé bucco-dentaire. Elle participe régulièrement à des campagnes de prévention et des ateliers éducatifs pour informer le public sur l’importance des soins dentaires et encourager de bonnes habitudes d’hygiène buccale.