Yon jenjivit ka deklannche pa plizyè faktè pami tout se plak bakteryèn nan ki pi repete.
Plak bakteryèn nan se yon pelikil ki konpoze prensipalman pa bakteri , saliv, kras manje ak selil mòt ki depoze sou sifas dan yo e ke souvan nou pa byen elimine ak yon brosaj efikas oswa itilizasyon yon fil dantè.
Li koze tou pa efè segondè yon medikaman ke wap konsome.
Yon Karans an vitamin tankou vitamin C ak (Niacine)
Yon fi ansent ak yon fi ki nan peryòd menopoz gen plis risk pou devlope yon jenjivit akoz tout chanjman òmonal kap fèt nan kòl yo .
Li reprezante pa yon jansiv rouj ki gonfle e dèfwa ki bay gwo doulè ak yon jansiv kap senyen anpil .
lè jenjivit la prekòs nou ka trete li pa yon bon ijyèn bikal ki komanse pa yon bon brosaj, itilizasyon fil dantè ak Ben de bouch adapte men si li avanse li pa janm trete lap debouche sou yon lòt maladi ke yo rele “PAWODONTIT”
li menm li se yon maladi ki atake tout estrikti ki la pou kenbe dan an plas nan bouch la tankou( jansiv ak zo alveyolè etc…) donk nou ka arive konprann ke yon jenjivit ki pa trete ka fè nou pèdi tout dan nan bouch nou .
Souzestime senp ti san ke jenjivit la pwovoke a se yon erè ke nap peye pi devan nou dwe konnen ke se yon maladi grav, ke kò a ap voye siyal ba nou pou di nou ke gen yon bagay ki pap byen mache nou gen pou devwa al kay dantis pou chèche solisyon ak sa prese prese .