Par Graziela Debora JACQUES, médecin -dentiste et journaliste santé ALTERNANCE MÉDIA

Nan yon mond ki chaje ak estrès, fimen se youn nan mwayen ke anpil moun adopte pou fè fas ak kèk pwoblem yap afronte nan lavi ,men eske se pa plis pwoblem yap mete nan kò yo lè konsa? M pa kwè sa rete yon mistè pou pèsònn ,tout moun konnen ke fimen se yon akt ki vrèman nosif pou sante lè nap pale de sante yo pa ekate sante bouch nou keseswa sigarèt tradisyonèl ,sigarèt elektronik oswa sa ki tandans yo tankou »Chicha Hookah ect… » Tout gen konsekans yo.
Li pa difisil pou nenpòt moun rive idantifye yon fimè, se menm jan tou li pap difisil pou yon dantis konnen wap fimen souvan san ke li pa bezwen mandew sa e menm si ou pata vle bay verite sou sijè paske gen kek siy ki montre sa a klè.

Pami siy ki ka fèw konnen moun ki devanw lan se yon gran fimè wap jwenn :
1)Pou’n komanse ,yon moun kap fimen toujou gen movèz alèn sak f sa?
A fòs ke moun sa pran abitid nan fimen lap konsome“Goudron ak nikotin “ki se 2 sibstans ki nan sigarèt la ,lap redwi saliv nan bouch lan .Kidonk ,yon bouch ki pa sekrete saliv oubyen ki pa sekrete an kantite se yon milye ideyal pou akimilasyon ‘’ bakteri anayerobi ‘’(Bakteri ki paka viv e miltipliye nan milye ki gen oksijèn ).
Se rezon sa ki fè yon moun kap fimen paka pase a kote de yon movèz alèn.

2)Koulè dan yon moun ki pap fimen ak yon moun kap fimen pa janm menm, li komanse pa yon koulè jòn poul progrese nan maron ;se pa selman dan ki sibi kolorasyon sa, se tout bouch la an jeneral tankou po bouch la, jansiv la, palè a,lang lan,mikez yo . Toutsan eksepsyon ap sibi kolorasyon an depan de nivo ou fimen .
3)« Parodontite » se youn nn Konsekans tabak la sou dan an li se yon maladi ki atake tout strikti ki kenbe dan nan bouch la solid tankou « Jansiv, zo alveyolè,etc… »lè tisi sa yo atake sa rann jansiv la dechose e rann dan yo vinn souke .
4)Sa pa enposib antan ke yon gran fimè ou ale kay dantis yo baw anestezi epi ou kontaste ke anestezi sa pa mache sou ou ebyen nikotin nan ki se sibstans nosif anndan sigarèt la lè li pase nan sanw se li ki koz sa.

5)Poun rive nan youn nan stad ki pi danje yo ki se: Kansè nan bouch poun site ‘’ nan lang, nan jansiv, nan palè, nan amidal ‘’se divès kote nan bouch la yon gran fimè ka kontrakte maladi sila.
An konklizyon, ‘’Se mèt kò ki veye kò’’ yon sevraj toujou rete enpòtan pou proteje santew e amelyore laviw .