Tout ijyèn dantè pase tou dabò pa yon bon bwosaj, bwose dan se youn nan premye reflèks yon moun
genyen depi li leve nan kabann li ,li fè pati de nòm ijyèn ke nou genyen depi a la baz kòm imen .
Nou bwose chak jou men eske menm 60% nan nou konn koman poul fè yon bon bwosaj ?
. Yon bwosaj dwe dire pou pi piti 2 a 3 minit, li reyalize ak yon bwòs pwal soup yon pat
dantifris adapte epi kòm konpleman enpòtan itilizasyon yon fil dantè ak ben de bouch adapte .
. Lè ideyal pou brose nan maten se avan manje, a li rekòmande pou tann o mwens 30 minit lènou finn manje avan nou brose pou saliv ki nan bouch nou an ka gentan netralize asid manjea yon fason pou asid sa pa atake emay dan nou plis .
. Yon ti pat sou bwòs la sou fòm yon grenn pwa sifi mete anpil pa nesesè se pa sa kap garantinou yon bon bwosaj .
. Li pa rekòmande pou nou mouye pat la sou bwòs la paske bouche nou deja gen saliv ladann .
. Pou nou byen bwose, li preferab pou nou komanse ak dan ki anlè yo avan nan sans “Anwo desann anba” épi pran sa ki anba yo aprè nap fè menm mouvman ni pou fas dan ki bay soudeyò yo ni sa ki bay pa anndan yo.
. Nap komanse devan poun rive dèyè nan dènye molè yo pandan Nap Plase bwòs la nan jonksyon dan /jansiv pou li panche e poul fòme yon ang 45degre .

. Bwòs la dwe fè yon mouvman sikilè sòti nan jansiv ale nan dan e sèlman nan sans sa, pounevite irite jansiv lan e pou nou ka retire plak dantè ak kras manje, repete jès la 2 a 3 fwa pagwoup de 2 dan .
. Yon fwa dan anlè yo finn bwose , nap repete menm etap yo pou dan anba yo men se nan sans‘’Anba monte anwo’’ nap fè menm bagay la ni pou fas dan ki bay sou deyò yo ni sou fas ki pa anndan .
. San nou pa bliye lang nou, ki se youn nan kote ki kenbe plis mikwòb nan bouch nou bwose lipandan nap f yon mouvman dèyè vini.devan jiskaske li vinn wòz .
. Itilizasyon fil dantè a nesesè pou nou pase fant dan yo kote bwòs la paka pase yo sitou nanbouch moun ki gen dan kwense, dan doukla yo li efikas pou retire kras manje ak plak dantèki si yo rete kap dekonpoze nan bouch la e bay anpil lot pwoblèm .
. Yon Ben de bouch adapte enpòtan aprè chak brosaj pou ede nou kontwole bakteri ak plak dantè .
Pi souvan nou inyore konsèy doktè nou ba nou jis paske nou gen lontan nap fè pratik la men nou
poko janm wè konsekans lan, nan tet nou konsèy la pa enpòtan ebyen konsekans lan la yon joukanmèm lap parèt a klè .
Nan tèt plizye moun bwose ak yn bwòs ki di pandan yap mete anpil fòs se pi bèl konbo ki te kaekziste e se lè sa yo santi dan yo pi byen bwose .
Move pratik sa yo gen pou konsekans sansibilite dantè, dechosman dantè, abrazyon dantè .
Fòs kotidyèn nap aplike sou dan nou twomatize ni jansiv ni emay dan nouJansiv pral sibi yon presyon ki pap bal lòt chwa ke retrakte a fòs lap retrakte se konsa rasin dan yoap ekspoze ki pral bay yon enpresyon ke dan sa vinn pi long .
Emay la sibi menm presyon twomatik sa ki vinn rann li pèdi nan fòs li e komanse degrade piti piti vinn gen demakasyon e koz gro sansibilite ak bagay cho,bagay glase e menm ak van ki pase nan bouch la rann nou paka sipòte .

Avanj yon bon brosaj se prevansyon kont pifò evantyèl maladi dantè yon moun ka genyen li primòdyal sou tout lòt konsèy ak medikaman yon doktè ka preskri paske travay sa siw pa konnen